Rezilta Tiraj

8871934
8694204

Konsèy OMS sou Kowona Viris, Klike sou: Konsèy OMS, Gade konbyen Ka detekte, Lanmò, Ak Moun ki refè nan mond lan, klike sou: Live Update

72 55 88 09 56

Chak jou se yon lòt chans pou nou eseye atenn objektif nou!

Lavni peyi DAYITI ak Ayisyen yo nan FELB

Kreye nan lane 2013, Fondasyon Emmanuel Lesly Brezault se yon òganizasyon endepandan epi ki pa gen pou misyon fè lajan. Li te kreye nan lide pou kontribye ak amelyore edikasyon kiltirèl kay timoun ki dezerite nan milye eskolè ayisyen an, li vize timoun soti 6 pou rive 17 lane.

Kontèks: Ayiti te sibi anpil pèt nan tranbleman de tè 12 Janvye 2010 la, pami yo Enfrastrikti Kiltirèl e Atistik tankou (Mize, Sant Kiltirèl, bibliyotèk, etc.). Anpil kay te kraze nan Kapital la tankou nan pwovens, akoz de mank desantralizasyon peyi a.

Atizana toujou rete sou kote nan pwogram imanitè ki akse priyorite yo sou bezwen fondamantal tankou Manje, kay pou rete, swen lasante, elatriye. Atizana ak lakilti jwe yon wòl enpòtan nan lavi chak Ayisyen. Sant kiltirèl ki bay posibilite pou Atizan yo exprime yo, se se prèv vitalite kiltirèl Ayisyen an.

Malgre ke relèvman peyi a difisil anpil, eritaj kiltirèl se richès, ki ka kreye konfyans nan tèt nou, yon fason pou nou soti nan reyalite chak jou ak lespwa yon pi bon demen. Se konsa, nou ka di ke la kilti se yon fòs pozitif, paske li kontribye nan devlopman sosyo-ekonomik (Sektè ki ka kreye Travay) ak rekonstriksyon dirab nan peyi a (responsablite sivik). Vreman vre, tradisyon kiltirèl kapab kontribye nan Linyon Sosyal peyi Dayiti.